Suivant

Aksyon entènasyonal pou dwa moun yo (AIDH) salye rive premye kontenjan 200 polisye Kényan yo

27/06/24
Dans Caraibes / Haïti

Aksyon entènasyonal pou dwa moun yo (AIDH) salye rive premye kontenjan 200 polisye Kényan yo sou teritwa nasyonal la , nan kad misyon entènasyonal soutyen ak sekirite ki gen pou misyon ede polis nasyonal la retabli sekirite nan peyi a. Sepandan AIDH kwè poutan te gen posiblite pou te limite kantite dega vyolans gang ame yo fè sou popilasyon an, si tout fwa nasyonzini te reponn atan ak demand gouvènman Ariel Henry te fè konsènan fòs ame entènasyonal la depi anviwon 2 lane. Tout fwa Responsab AIDH yo mande popilasyon an pou sipòte epi kolabore ak polis nasyonal dayiti ak misyon miltinasyonal soutyen ak sekirite a, yon mannyè pou pèmèt sekirite retabli nan peyi a.

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant