Suivant

Antoine Augustin menase pran sanksyon kont tout direktè lekòl prive ki pa respekte desizyon

06/09/24
Dans Caraibes / Haïti

Minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Antoine Augustin menase pran sanksyon kont tout direktè lekòl prive ki pa respekte desizyon ministe a pran parapò ak rantre lekòl la. Minis Antoine Augustin lonje dwèt sou sèten direktè lekòl prive ki pa sispann defye otorite leta nan deside louvri lekòl yo anvan dat ofisyèl leta fikse a . Pwofese Antoine Augustin kritike tou sèten direktè lekol ki kontinye ap pase anba pye lwa sou frè eskolè a nan ogmante pri lekòl yo chak ane, san bliye sa yo k'ap egzije paran yo pou peye ak dola ameriken. #rtvc #Haïti #nouvelleshaïti #InfosHaïti #actualités #education #divertissement #information #news #culturehaïtienne #musiquehaitienne #TélévisionHaïtienne #Nouvellesendirect #Journaltélévisé #breakingnews #politiquehaïtienne #Économiehaïtienne #sociétéhaïtienne #CriseenHaïti #electionsHaïti #DéveloppementenHaïti #EnvironnementHaïti

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant