Suivant

Clarens Renois ap patisipe nan Konvansyon pati demokrat ameriken an

22/08/24
Dans Caraibes / Haïti

Clarens Renois, kowòdonatè nasyonal pati UNIR, ap patisipe nan Konvansyon pati demokrat ameriken an, yon aktivite kap dewoule nan Chicago. Ansyen kandida pou prezidan Ayiti a di li aprann anpil nan evènman sa a. Dapre li, fòs yon demokrasi depann de kalite pati politik yo ak patisipasyon aktif sitwayen yo nan pati sa yo. Selon ansyen jounalis la, Etazini ap sèvi ak evènman sa a pou fè pwomosyon pou modèl politik yo. Kongrè sa rasanble lidè pati ki soti nan plizyè peyi tankou Danmak, Syèd, Moldavi, Kòsovo ak Kenya. Anplis, Renois estime parapò ak sa li wè, an Ayiti gen anpil travay ki dwe fèt toujou pou rive tabli bonjan Demokrasi. #rtvc #Haïti #nouvelleshaïti #InfosHaïti #actualités #education #divertissement #information #news #culturehaïtienne #musiquehaitienne #TélévisionHaïtienne #Nouvellesendirect #Journaltélévisé #breakingnews #politiquehaïtienne #Économiehaïtienne #sociétéhaïtienne #CriseenHaïti #electionsHaïti #DéveloppementenHaïti #EnvironnementHaït

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant