Suivant

Gouvènman de fakto Ariel Henry a reyalize yon Seremoni salitasyon ofisyèl ayè lendi 18 desanm nan

19/12/23
Dans Caraibes / Haïti

Gouvènman de fakto Ariel Henry a reyalize yon Seremoni salitasyon ofisyèl ayè lendi 18 desanm nan. Yon aktivite ki dewoule nan « villa d’accueil »primati a nan Musseau. Minis, sekretè jeneral, kad nan administrasyon piblik la ak plizyè lòt manm nan gouvènman te reponn prezan nan seremoni sa. Nan diskoul pou sikonstans lan, pm de fakto a fè konnen ane 2024 sa se ap yon ane rekonstwiksyon. Chef primati pwomèt yo remete kanpe plizyè batiman piblik ak lekòl ki te kraze nan nan tranblemantè 12 janvier 2010 la. Ariel Henry anonse yon ventèn lekòl nasyonal ak lise ap gen konstwi nan kapital pòtoprens gras ak lajan ki sòti nan FNE.

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant