Suivant

GRAN TIT || Jounal Kreyòl Premye Okazyon jedi 9 Me 2024

09/05/24
Dans Caraibes / Haïti

1.- Premye konsey minis Konseye prezidansyel yo dewoule aye mekredi a . Dives pwen te abode tankou pwolonjman eta dijans la pou yon mwa anko, inondasyon nan depatman nor peyi a kote yon komisyon enteministeryel kreye, nesesiste pou gen dispozisyon ki pran pou relouvri por ak ayopo entenasyonal Tousen Louvetu a. 2.- Konsenan lakou dekont - Pou evite pi gwo tribunal administratif peyi a disfonksyonel akoz absans sena repiblik la , konsey prezidansyel tranzisyon an pran desizyon pwolonje manda konseye yo jiskaske yo ranplase , selon lalwa . Manda 10 konseye ak jij yo te bout madi 7 me a apre konsey minis yo te fin dako pwolonje manda yo pou yon mwa anplis . 7 avril se te fen manda konstitisyonel manm enstitisyon otonom ak endepandan sa ki kreye depi plis pase 200 lane . 3.- Sou wout pou jwenn yon solisyon nan kriz ki eklate nan mitan konsey prezidansyel tranzisyon an ,kek semen Selman apre enstalasyon yo. Pou tante kreye amoni nan konsey la ,majorite konseye yo adopte yon rezolisyon kap pemet 4 kandida yo separeman okipe fonksyon prezidan konsey la pou yon peryod 5 mwa . An atandann yon desizyon final adopte jodi a ,pou dirije konsey prezidansyel la ap genyen nan yon premye tan Edgard Leblanc Fils, Fritz Alphonse Jean ,Lesly Voltaire ak Louis Gerald Gilles . 4.- Preske 15 jou aprè enstalasyon li, konsèy prezidansyèl la poko pran okenn mezi pou kwape pwoblèm ensekirite a. Anpil sektè nan lavi nasyonal la pami yo Sant Karl Lévêque, kritike sèten nan manm konsèy la ki daprè li prefere ap defann enterè yon ti gwoup olye yo debloke kriz la. Direktè egzekitif SKL la, pè Gardy Maisonneuve ki raple , move lavi ak kalvè popilasyon an ap pase nan yon seri katye kote bandi ap fè lalwa ankouraje konseye yo pou mete sou kote entere pesonel yo men travay pito anfave nasyon an . 5.- Konsey prezidansyel tranzisyon an ekri ,yon korespondans ak prezidan peyi kenya, Williams Ruto ,pou renouvle demand leta ayisyen konsenan deplwaman fos miltinasyonal la nan peyi a. Korespondans sa te enpotan anpil pou deplwaman fos miltinasyonal la akoz gouvenman Ariel Henry kite fe demand la demisyone . Se tout 9 konseye prezidansyel yo ki siyenn dokiman sa . 6.- Pou fasilite rive fos miltinasyonal la nan peyi a,lame ameriken deja komanse prepare teren an ,kote plis pase yon santen vol avyon ameriken dwe debake pou selman mwa me a nan ayopo entenasyonal Tousen Louvetu a ak yon kantite pesonel sivil epi materyel tout kalte . Nan yon kominike li pibliye aye mekredi a ,lame ameriken deklare yo komanse deplwaye an ayiti yon seri pesonel sou kontra ak materyel anvan fos miltinasyonal la debake . Imaj kap sikile yo montre plizye solda ameriken sou pis ayopo entenasyonal Tousen Louvetu a aye mekredi a ki vin sekirize sit konstriksyon baz pou fos la ki yon premye kontenjan dwe rive 23 me kap vini la. 7.- Bandi ak zam kitap kidnape li asasinen ak plizye bal polisye Barbara Fequi aye mekredi 8 me a,nan ru Cameleon potoprens ,dapre sendika nasyonal polisye ayisyen yo. Viktim nan ki soti nan 32 zyem pwomosyon PNH la te sou wout pou mennen yon timoun lekol ,nan moman bandi ak zam tea take li . Afekte nan direksyon jeneral lapolis la, Barbara fequi vin ogmante lis polisye ayisyen ki mouri soti janvye pou rive mwa me 2024 la swa 17 polisye ki deja mouri ,dapre SYNAPOHA. 8.- Odonans jij enstriksyon tribunal premye enstans mibale a , Edwidge Dorsainvil sou dosye asasina jounalis Nehemy Joseph la estime se yon bon pa ki franchi nan demach pou jwenn verite sou zak sasinay sa, dapre fondasyon Je klere – Nan odonans sa,majistra voye 8 moun al jije devan tribunal kriminel pami yo ansyen senate Rony Celestin ak majistra mibale a Lochard Laguerre . FJKL nan sans sa ki rekonet limit odonans jij enstriksyon an mande gouvenman pou debarase yo rapidman ak majistra Lochard Laguerre ki enkilpe nan kad dosye sa .

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant