GRAN TIT || Jounal Kreyòl Premye Okazyon mèkredi 8 Me 2024
1.-Manm konsey tranzisyon an kontinye ap diskite sou ki fomil ki kapab pemet yon pi bon fonksyonman konsey prezidansyel la . Majorite a dako sou prensip wotasyon nan nivo prezidans la kote chak konseye ap gen pou okipe fonksyon sa youn apre lot pou yon peryod 3 mwa . Lot opsyon ki sou tab la, li posib pou desizyon sa konsene selman 4 konseye kite kandida pou pos prezidan konsey la :Edgard Leblanc Fils,Leslie Voltaire, Fritz Alphonse jean ak Dr Louis Gerald Gilles , yo chak konseye ta dwe pase 5 mwa kom prezidan . 2.-Toujou nan kad diskisyon ki tanmen ant konseye prezidansyel yo ,yon fason pou rive rezoud kriz ki eklate nan mitan yo depi 30 avril pase a . Nou aprann gen posiblite pou majorite nan konsey la kite 4 sou 7 pase pou kounya 5 sou 7 pou adopte yon desizyon depi yo pa rive anvan sa jwenn yon konsansus . Yon antant konsa pral mande pou modifye ako 3 avril la ak pwoje dekre sou kreyasyon ak fonksyonman konsey prezidansyel la ki deja siyen ant diferan akte konsene yo . Antretan Pou finalize antant sa ,yon rankont prevwa dewoule jodi a ant konseye prezidansyel yo . 3.- Kriz ki eklate nan konsèy prezidansyèl la aprè majorite a fin chwazi Edgar Leblanc Fils kòm prezidan konsèy la pa etone pati politik Mapou. Konseye yo ap fè dilatwa, pèdi tan pandan bandi yo kontinye ap teworize popilasyon an. Prezidan pati a, Jean Daniel Colin kwè kriz sa montre konsèy la sou wout echwe. 4.- 4 moun mouri ak plizye lot blese grav aye madi a nan zon matisan . Bus sa ki fe traje sant vil potoprens ak komin kafou te ranpli ak pasaje,dapre preezidan APCH la, Mehu Changeux . 5.-Lapolis nasyonal dayiti anonse yo dejwe yon tantativ kidnapin nan zon ru Marcelin,potoprens aye madi a – Pandan entevansyon sa, 2 prezime kidnape mouri nan echanj kout zam kout zam ak fos lod yo ki sezi yon pistole kalib 40 . 6.-Biwo kodinasyon zafe imanite nasyon zini yo an ayiti OCHA, denonse plizye atak gwoup bandi ak zam yo kont katye solino , delma 24 ak nazon , dapre reprezantan UNICEF la an ki ap jwe wol kodonate imanite pwovizwa OCHA. Kodinasyon zafe imanite nasyon zini yo an ayiti mande sila yo kap komet move zak yo pou sispann ak vyolans ak zam yo , pou pemet popilasyon an viv nan trankilite epi pemet akte imanite yo ede sila yo ki afekte . Soti janvye rive mwa mas 2024, plis pase 2500 moun mouri oubyen blese akoz vyolans gang ak zam yo nan peyi a ,dapre denye rapo biwo entegre nasyon zini yo an ayiti (BINUH). 7 .-Fanm ak tifi yo se premye viktim kriz kap ravaje peyi a ,dapre plizye ekspe oganizasyon nasyon zini yo ki denonse yon ogmantasyon vyolans seksyel yo an ayiti. Ekspe sila yo denonse gang kriminel yo ki kontinye ap itilize vyolans seksyel kont fanm ak tifi yok om prensipal taktik pou enstale laperez lakay medam yo. Ekspe ONU yo ki lonje dwet sou enkapasite grav otorite yo pou pwoteje ak fe respekte dwa fanm ak ti fi yo nan peryod kriz la raple genyen mil 169 fanm ak tifi ki viktim zak vyolans seksyel , aloske 679 lot viktim vyolans fizik , soti mwa janvye pou rive novanm 2023 ,dapre chif oganizasyon fanm Nègès Mawon.