Suivant

GRAN TIT Jounal kreyòl Premye Okazyon || 04 Jiyè 2024

04/07/24
Dans Caraibes / Haïti

1.- Devan Konsèy Sekirite Nasyonzuni an, Premye Minis Gary Conille bay detay sou sityasyon Ayiti ak travay gouvènman li an ap fè pou rezoud kriz kap brase bil peyi a depi lontan. -Chef gouvenman deklare debakman premye kontenjan polisye Kenyan yo an Ayiti make yon etap esansyèl nan pwosesis pou retabli sekirite nan peyi a . Yon kontenjan 200 polisye Kenyan rive Ayiti semen pase a nan kad misyon sipò sekirite pou Ayiti a kote yo pral ede PNH LA batay kont gang ak zam yo ki kontwole preske 80% kapital la . 2.-Anbasadris Etazini an,nan nasyon zini an ,Linda Thomas-Greenfield kite rankontre ak premye minis Garry Conille diskite sou manda ( BINUH ) kap pran bout nan fen mwa Jiye 2024 la . Anbasade Larisi, ki okipe plas prezidans Konsèy la mwa sa a sou bo pal kritike Etazini pou pakèt zam kap soti lakay li nan bato ak ti avyon pou ame gang yo. Anvwaye adjwen Kenya nan LONU, Njambi Kinyungu kite pran lapawòl nan okazyon an kontan pou kalite akey premye kontenjan polisye peyi li resevwa an Ayiti . 3.-Reprezantan espesyal sekrete jeneral nasyon zini yo an ayiti, Maria Isabel Salvador ,pa kache prewokipasyon li fas ak ogmantasyon zak vyolans yo nan kapital peyi a,potoprens ak dives lot zon andedan peyi a . Chef BINUH an pale konsa pandan yon reyinyon konsey sekirite oganizasyon zini yo oganize sou kriz ayiti a, aye mekredi a . Atak gang ak zam yod epi 29 fevriye pase a antrave jefo nasyonal ak entenasyonal yo tanmen ki vize akselere pwosesis rekritman nouvo polisye ayisyen yo. 4.-Etazini ,lafrans ak rusi mande konsey sekirite nasyon zini yo pou aji kont tout akte ayisyen ki responsab zak vyolans yo an ayiti . Pandan reyinyon konsey sekirite nasyon zini yo,aye mekredi a , Anbasade etazini an, Linda Thomas -Greefield mande konsey la pou anvizaje sanksyon kont tout moun ak antite ki responsab oubyen konplis zak vyolans yo ki menase lape ak sekirite an ayiti . Komite sanksyon yo ak gwoup ekspe 2653 sou ayiti gen yon wol esansyel pou jwe nan jefo sa,dapre diplomat ameriken nan . 5.-Minis defans la,Jean Marc Berthier Antoine rankontre aye mekredi a ak anbasade ameriken an ,nan potoprens, Dennis Hankins. Diskisyon yo te dewoule sou fos miltinasyonal la,koperasyon ayisyano ameriken nan zafe defans ak yon aksan patikilye sou fomasyon milite ayisyen yo . 6.- Deklarasyon premye minis Garry Conille ki di "li prè pou dyaloge ak gang yo", mete bandi yo plis an konfyans, daprè direktè egzekitif RNDDH la. Pierre Espérance ki dil pa etone yon deklarasyon konsa lonje dwèt sou kèk pèsonalite nan ankouraj PM nan , ki daprèl ta nan konivans ak bandi yo. Pou defansè dwa moun nan Garry Conille pa ta gen okenn volonte pou demantle gang k'ap teworize Popilasyon an. 7.-Se nan rejyon des palms nan anpil moun gresye al monte tant yo prensipalman sou plas piblik vil leyogan nan ki akeyi plis pase 10 mil refijye ,dapre manm oganizasyon nan sosyete sivil la. Sityasyon deplase yo grav anpil sitou pandan peryod move tan ,dapre dirijan oganizasyon sa yo ki fe konnen gen yon bann lot fanmi ki kontinye ap dezěte , chape poul yo anba zak vyolans bandi yo kap koupe rache nan komin gresye . Nap gen pou n swiv yon repotaj ak Jean Georges Blaise 8.-317 tranbleman te anrejistre an ayiti ,soti mwa janvye rive jen 2024,dapre yon rapo biwo min ak eneji . Pou premye trimes ane 2024 la, biwo a resanse yon mwayen 52,8 tranbleman chak mwa . Toutfwa mwa me a rete mwa kote yo anrejistre plis tranbleman te swa 67 pou selman mwa sila,dapre biwo mini ak eneji nan peyi dayiti .

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant