GRAN TIT JOUNAL KREYÒL PREMYE OKAZYON 16 ME 226
1.-Sitiyasyon an toujou konplike pou sitwayen yo nan Komin kafou ki livre pou kont yo depi atak bandi ak zam kont komisarya Omega kote seten polisye ki jiska prezan nan espas la pa an mezi pou garanti sekirite popilasyon an. Ti kajou, zon sous kowosol ak mawotye 75 ,tout zon sa yo anba kontwol bandi ak zam yo kap flannen,fe monte desann jan yo vle . Akoz bri kitap kouri sou yon posib atak bandi yo , Plizye etablisman eskole nan komin kafou te oblije libere elev yo pour antre lakay yo. 2.- 4 mil 463 kouri kite lakay yo ,swit ak atak bandi ak zam yo lannwit 10 pou louvre 11 me 2024 la ,nan komin gresye ,depatman lwes peyi a . 92 % moun ki deplase yo pran direksyon komin leyogan,grangwav ak kafou ,4% nan depatman nip ak 3% nan depatman sid peyi a,dapre chif oganizasyon entenasyonal pou migrasyon yo (OIM) 3.-Anviwon 400 polisye ta dwe rive nan peyi a soti 23 pou rive 26 me kap vini la,nan kad deplwaman fos miltinasyonal la . Polisye kenyan sa yo ap gen pou bay sekirite ak gwo enfrastrikti yo epi laprezidans . Yap gen ak yo medsen ak lot pesonel Teknik . Solda ak polisye yo lot peyi yo ap gen pou debake nan peyi a nan mwa jen ak jiye kap vini an . 4.-Komisè divizyonè Frantz St Armand se nouvo direktè polis la nan depatman grandans. Li enstale ayè mèkredi 15 me a. Frantz St Armand ranplase nan pòs sa Louis Edner Yacinthe sendika nan la polis la te denonse kòm kwa l tap sal imaj enstitisyon an ak move konpòtman l te genyen pandan l tap dirije polis la nan Grandans peyi a. 5.-Sendika yo nan lapolis la pa pran tan pou reyaji aprè enstalasyon nouvo direktè sa nan tèt polis la nan depatman grandans lan. Se ka sendika nasyonal polisye ayisyen yo (SYNAPOHA) ki di l salye epi pran ak de enstalasyon komisè St Armand. Sendika ki dil konsyan misyon an pap piti pou nouvo direktè swete li travay kòm sa dwa pou bay polis la yon lòt imaj nan depatman epi ankouraje polisye yo fè travay yo nan respè la lwa. 6.-Ann rasanble anba drapo n se tem ki kenbe pou selebrasyon fet drapo ak inivesite a ane sa , swivan desizyon konsey minis yo 8 me pase a . Kontreman ak komin akaye ki tradisyonelman konn serevwa seremoni ofisyel yo chak 18 me ,ane sa se pito nan villa D’acceuil aktivite yo ap oganize kote ofisyel yo ap gen pou pran la pawol . Pami ofisyel kap gen pou pran lapawol yo, majistra taba,Nice Simon nan non majistra zon mtewopoliten potoprens la, rekte inivesite leta Fritz Deshommes, premye minis ai a,Michel Patrick Boisvert ak prezidan konsey tranzisyon an ,Edgard Leblanc FILS . 7.-208 tranbleman te soti mayitid 0.9 rive 4.4 ,resanse , soti janvye pou rive avril 2024 ,sou teritwa nasyonal la,dapre denye bilten biwo min ak eneji yo . Biwo min ak eneji resanse 58 tranbleman te pandan mwa mas la kont 42 pou mwa janvye 2024 la,swa yon mwayen 52 tranbelman chak mwa . 2 mayitid ki pi wo yo, localize nan lanme ,nan mwa fevriye 2024 ,youn ladan yo te twouve li point a Raquette sou zile lagonav ak nan dwes ti twou de nip .