Suivant

GRAN TIT Jounal Kreyòl Premye Okazyon || madi Jiyè

02/07/24
Dans Caraibes / Haïti

1.- Tout je toujou rete brake sou sitiyasyon vyolans kap devlope depi dimanch nan komin gresye kote plis pase yon venten moun nan mitan popilasyon sivil la ta mouri nan moman bandi ak zam yo te atake komisarya , dapre konfimasyon majistra ,jean Vladimir Bertrand . Pou aye lendi a te gen gwo afwontman ant bandi yo ak ajan SWAT ,UDMO sides,nip ak lwes yo ki finalman reprann kontwol lokal komisarya- Yon batiman bandi yo anvan sa te komanse demoli kote yo kraze ,kloti, fasad ak balkon komisarya yo. Nan menm jounen an bandi yo rantre ak fos nan legliz katolik la epi ale ak kire pawas sen jan baptis la, reveran pe Emmanuel Saintelia ,dapre majistra komin nan . 2.-PNH la ap batay pou kontrekare zak bandi yo nan komin gresye,deklarasyon minis jistis ak sekirite piblik la. Met Carlos Hercule kitap vizite CERMICOL ak espas prizon pou fanm yo ki pral reyabilite nan komin petyonvil deklare lapolis pral pote yon repons apwopriye ak sitiyasyon kap devlope depi kek jou ,nan komin gresye, depatman lwes peyi a . 3.-Toujou nan komin gresye - Bandi ak zam yo touye epi boule kadav Francin jean ,yon chofe machin ki asije traje jakmel- potoprens . Zak sa rive nan zon 4jandam ,aye lendi a ,nan moman viktim nan tap tante koupe wout pou travese ak yon tibis chaje pasaje pou ale nan vil jakmel . Bandi yo non Selman touye ,boule kadav la men tou yo vole machin viktim nan ,dapre Mehu Changeux ,prezidan asosasyon pwoprieyete ak chofe dayiti yo (APCH). 4.- Platfòm Nasyonal pou Pwogrè Dwa Moun PNPDH, mete deyò yon ankèt li reyalize soti 9 fevriye pou rive 27 jen 2024 sou kantite moun ki mouri nan komin kafou ak Gresye. Daprè rapò sa a genyen 75 moun ki mouri nan komin kafou, 17 ladan yo mouri tèt koupe, 28 ak bal, 19 ladan yo bandi boule kadav yo . Pou komin Gresye genyen 6 moun ki mouri nan afwontman ame pami yon ti gason 6 zan. Pandan peryòd sa a genyen 28 Kay ki boule nan Komin Gresye ak Kafou , 85 % lekòl ki Gresye rete ak pòt yo fèmen daprè rapò sila a . 5.-Ansyen komise gouvenman potoprens la,met Edler Guillaume refize pran pos chaje misyon ministe jistis ak sekirite piblik ,minis Carlos Hercule deside ba li apre chanjman li nan tet pake potoprens . Nan yon korespondans li voye bay minis jistis la,Met Edler Guillaume fe konnen li pa entere ak nouvo pos sa . 27 jen pase a , Sou kont X li, minis jistis la ,Carlos Hercule te anonse nominasyon met Lionel Constant Bourgouin kom komise gouvenman potoprens nan plas met Edler Guillaume ki li menm te pran pwomosyon kom sibstiti komise gouvenman bokote lakou dapel, potoprens . 6.-Akademisyen Emmanuel Bazile mouri dimanch 30 jen pase a ,li te gen 82 lane . Emmanuel Bazile ,fe pati 33 premye manm akademi Kreyol ayisyen an , dapre anons Akademi an . 7.- Rektora inivesite leta anonse siyati demen mekredi a yon pwotokol antant ant rektora ak lekol dwa ak syans ekonomik gonayiv yo. Nan menm okazyon sa prevwa envestiti nouvo konsey direksyon lekol EDSEG la ak konsey konsiltatif la kap gen ladan li met Faustin Cupidon, majistra Octeus Dorvilien ak Dr Shadrack Saint-hilien Thelusma epi Edgard Celus ,ekonomis Wilton Jean Baptiste,Dr Grenson Jeune ,ing Ravel Norgaisse ak yvenande Pierre .

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant