Suivant

GRAN TIT || Jounal Kreyòl Premye Okazyon mèkredi 25 jen 2024

26/06/24
Dans Caraibes / Haïti

1.- Apre plizye mwa ap tann - Yon premye kontenjan 400 polisye nasyonal kenya debake nan potoprens aye madi a , nan kad deplwaman misyon miltinasyonal pou apiye sekirite nan peyi a . Se yon avyon konpayi kenya Airways kite transpote ofisye sa yo kite gen inifom , valiz ak zam nan men yo . Plizye gwo bis ak kamyon te sou plas pou transpote ofisye sila yo ak materyel yo te pote nan baz yo ki konstwi toupre ayopo entenasyonal Tousen louvetu a, nan komin taba . 2.- Premye minis Garry Conille,nan non gouvenman ayisyen an ,salye deteminasyon gouvenman Kenyan pou akonpaye ayiti nan kad batay kont fenomen ensekirite a kap wonje sosyete a . Gouvenman ak pep ayisyen an swete misyon sa se denye bourad entenasyonal la pou ede estabilize peyi a kap pemet nou finalman renouvle pesonel politik la epi remete peyi a sou ray demokrasi . Depoze zam yo epi rekonet otorite leta ,se mesaj premye minis Garry Conille voye bay gang ak zam yo ki gen lontan yap teworize popilasyonn an . 3.- Sou bo pa li , chèf delegasyon misyon Kenya a felisite premye minis Garry Conille pou akèy li ba yo sou teritwa ayisyen an. Nan diskou li, Dr. Monica Juma fè konnen mesaj prezidan Kenya a William Ruto pou Ayiti se rive wè estabilite ak lespwa boujonnen nan peyi a. Libète, jistis ak etadedwa, san wete sekirite ak lapè epi devlòpman dirab, se sa pèp ayisyen an bezwen,dapre deklarasyon Dr Monica Juma. 4.- Biwo entegre nasyon zini an ayiti (NINUH) salye rive premye kontenjan polisye kenya yo, nan kad misyon miltinasyonal la nan peyi a. Se yon etap enpotan nan kad batay pou retabli sekirite nan rejyon metwopoliten potoprens la epi pwoteje dwa ayisyen yo,dapre BINUH ,ki di espere deplwaman total misyon an ,jan konsey sekirite nasyon zini yo otorize sa . 5.-5 polisye ak 2 sivil jwenn arestasyon yo nan komin petyonvil,aye madi a . Metellus Jean Elie,33em pwomosyon PNH la,Garcnet Fricdrick (31em pwomosyon) ,Cesar Raphael (28em), Pierre Gregory (32em) ak Jean sanel alyas Mic Mic( 28em ) se non 5 polisye sa yo ki arete abo yon Montero ak 5 zam manch long ak 5 pistole. 4 nan polisye sa yo ki pou kounya ap reponn kesyon DCPJ te debake nan komisarya petyonvil la pou vin libere ak fos polisye Metellus Jean Elie , yon patwouy lapolis te arete ansanm ak yon seten Jerry Leger ,nan yon restoran menm jounen aye madi a . 6.-Premye minis Garry Conille ki anmenm tan ap jwe wol minis enterye peyi a rankontre aye madi a ak majistra 9 komin rejyon metwopoliten potoprens la. Dives pwen te nan mitan diskisyon yo: pwoblem asenisman, kontribisyon otorite minisipal yo nan cheche solisyon pou rezoud kriz ensekirite a epi patisipasyon kelektivite yo nan demach pou rive oganize pwochen eleksyon yo nan peyi a . 7.-Otorite repibliken dominiken yo rapatriye an ayiti Plis pase 27600 ayisyen pou Selman mwa me 2024 la ,dapre gwou kap apiye refijye ak rapatriye yo( GARR) ,nan yon rapo yo ran piblik ,aye madi a . 33 mil 602 ka se sitwayen ayisyen ki deside pou kont yo retounen nan peyi a ,toujou dapre gwoup kap apiye refijye ak rapatriye yo . AYITI-

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant