Suivant

Jounal Kreyòl Premye Okazyon Mèkredi 26 Jen 2024

26/06/24
Dans Caraibes / Haïti

1.-Ansyen chef kontab CAS la ,Pierre Richard Valles ap pase premye nwit li nan penitansye nasyonal aswe a ,apre jij enstriksyon an Jean Wilner Morin te fin tande li jounen madi a ,nan kabine enstriksyon . Pierre Richard Valles gen akizasyon trafik enfliyans ak koripsyon swivan yon rapo anket ULCC konsenan administrasyon kes asistans sosyal la CAS. Konsenan direktris enstitisyon sa ,Madam Edwin Tonton li konvoke pou jounen mekredi 19 avril la devan jij enstriksyon kap mennen anket sou dosye sa,met jean Wilner Morin . 2.- Ajan imigrasyon repiblik dominiken yo resevwa lod fomel pou arete tout pesonalite ayisyen leta dominiken sanksyone 14 avril pase a pou move zafe . Se direkte kominikasyon imigrasyon an ,Nelson Gutierrez ki pale konsa ak jounal Listin Diario ,jounen madi a. 3.- Fenomèn ensekirite plis afekte jèn yo atrave Peyi a . Akoz sitiyasyon vyolans egzajere ki genyen nan peyi a anpil nan jen yo Pèdi pratik fè lekti. Nan lide pou ankouraje yo kontinye fè lekti " PEPA Education Agency" lanse yon Konkou nasyonal lekti a haute voix. Genyen 70 jèn ki deja enskri pou patisipe nan konkou sa a, kote y'ap gen pou pran 3 gayan yo , daprè oganizatè aktivite sa a ,ki pwofite mete aksan sou wòl ak enpotans lekti genyen nan lavi chak entelektyèl 4.- Plis pase yon 60ten ekriven , atis ,chèchè ak moun ki nan koze lakilti ak yon petisyon ki déjà genyen anviwon 700 siyati Opoze ak chwa jeneral Prosper Avril kom envite done nan 29 edisyon livres en folies kap oganize 8 ak 9 jen ane sa ,nan otel karibe . Pratik politik ansyen jeneral /Prezidan an pa siye ak sa ki fè lonè pèp ayisyen an, nonplis yo pa te reponn ak okenn respè rèv pou demokrasi pèp ayisyen ap chèche a,dapre gwoup ekriven ak atis sila yo . 5.- Pami manm nan sekte kitirel ayisyen an ki dako pou pa patisipe nan evenman sa nou jwenn : Lyonel Trouillot, Frankétienne, Arnold Antonin, Pierre Buteau, Makenzy Orcel, Jean Casimir, Guy Régis, Evelyne Trouillot, Syto Cavé, Jacques Adler Jean Pierre . Jounal Le nouvelis poko reyaji sou desizyon sa . Toutfwa direkte jounal la,Max Chauvet te anonse nan mwa fevriye pase a ,Se pa milite a ,ni ansyen prezidan ki envite done a ,men pito ote yon venten liv ki soti nan lang franse ak angle . 6.- 500 jen ki soti nan lekol nomal siperye , ENGAR ak ENARTS ki regwoupe yo atrave yon estrikti ki pote non « Gwoupman pwofesè pwomosyon Grégory St Hilaire », yo denonse sa yo degradasyon kondisyon lavi anseyan yo nan peyi a . Sitiyasyon sa se rezilta desizyon otorite yo pou meprize ansanm revandikasyon pwofese yo. Fas ak konpotman pasif gouvenman ,anseyan yo oblije rantre nan grev ,sa ki pral gen konsekans sou bon dewoulman lane eskole a . jen anseyan sila yo plede anfave yon dyalog ant ministe edikasyon nasyonal ak pwofese yo,yon fason pou jwenn mwayen satisfe revandikasyon anseyan yo. 7.- Sendikalis nan sektè transpò a kontinye eksprime fristrasyon yo pa rapò ak rate gaz la ki pa sispann agrave chak jou nan peyi a. Pou Prezidan Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè Ayiti yo (APCH), Changeux Méhu, fò’k dirijan yo nan leta a jwenn yon fason pou pèmèt popilasyon an jwenn gaz nòmalman nan estasyon sèvis yo. Pandan li denonse pwoblèm sa a ki montre yon lòt fwa enkapasite gouvènman Ariel Henry a pou satisfè bezwen sosyete a, sendikalis la mande tout popilasyon an, espesyalman chofè ak pasaje yo, pou yo mete ansanm yon fason pou fòse ekip ki sou pouvwa rezoud pwoblem gaz la . 8.-Antretan - Biwo monetizasyon pwogram ed pou pou devlopman ( BMPAD) anonse gen yon kagezon gaz ki rive jounen madi a nan potoprens . « 165,000 baril diesel ak 10,000 baril gazolin dechaje nan teminal Thor ak varreux 14 ak 17 avril 2023 ,dapre Sa BMPAD ekri sou kont Twitter li ,aban li anonse pwochen kagezon an ap rive 20 avril 2023 . Mekredi pase a , 125 000 baril gazolin te déjà rive nan potoprens ,men kagezon sa yo sanble pat sifi pou garanti disponiblite gaz la nan ponp yo . Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4 Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ kowòdinasyon : Peterson LUXAMA Redaksyon : Dieuseul GUERRIER Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant