Suivant

Kolektif pati siyatè akò Montana yo manifeste jounen 22 Janvye a davan lokal anbasad kanada

23/01/24
Dans Caraibes / Haïti

Kolektif pati siyatè akò Montana yo manifeste jounen 22 Janvye a davan lokal anbasad kanada. Yon sitin ki òganize nan objektif pou di yo pap ka kontinye ak premye minis Ariel Henry ankò nan tèt peyi a. Pwotestatè yo kritike chèf gouvènman yo di ki jiskaprezan pa manifeste okenn volonte pou rezoud ansanm kriz kap sakaje sosyete a depi kèk tan. Nan sans sa yo mande pou kominote entènasyonal la sispann soutni Ariel Henry ak tout akolit li yo pou yo ka demisyone.

Montre plus

 0 commentaires sort   Trier par


Suivant